Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Gen Mwens Espwa L ap Jwenn yon Antant ak Iran sou Zam Nikleyè


Televizyon nasyonal Iranyen montre lansman yon fize Gad Revolisyone Iran an lanse 8 Mas 2022.
Televizyon nasyonal Iranyen montre lansman yon fize Gad Revolisyone Iran an lanse 8 Mas 2022.

Gwo espwa Washington te genyen pou l retabli Akò 2015 la pou Limite Devlopman Zam Nikleye Iran an bese anpil. Nan jounen madi a, Depatman Deta a lanse yon avètisman pou l di l ap pase pran Plan B a si Teyeran pa vle bouje sou pozisyon l.

Sa gen apèn yon semèn otorite ameriken yo te espere li te posib pou yo jwenn yon akò pou bloke pwogrè Iran sou wout ki ka pèmèt li devlope zam nikleyè apre prèske yon lane negosyasyon. Pòtpawòl Depatman Deta a, Ned Price, ki t ap abòde dosye a nan dat 16 mas la, deklare:

“Nou pre jwenn yon antant; men nou poko rive la. Nou panse gen kèk difikilte toujou ke nou kapab rezoud.”

Otorite ameriken yo di yo panse Teyeran byen kapab rive jwenn yon antant sou kesyon an apre selebrasyon Fèt Nowruz la, ki se komansman nouvel ane a nan Iran e ki pral dewoule dimanch pwochen.

XS
SM
MD
LG