Accessibility links

Breaking News

Chita Pale Nikleyè Iran Bite Akoz Demann Larisi


Iranian Supreme Leader Ayatollah Ali Khamenei delivers a televised speech in Tehran
Iranian Supreme Leader Ayatollah Ali Khamenei delivers a televised speech in Tehran

Pati ki ap eseye resisite akò nikleyè Iran an te lite mèkredi a pou rezoud ekzijans denye minit Ris yo, sa ki menase pou fè negosyasyon yo echwe daprè sa diplomat yo di. Pandansetan, Etazuni sanble pa gen volonte pou-l angaje-l avek Larisi sou kesyon an.

Madi 8 Mas pase a, pwisans loksidan yo te bay Larisi avetisman pou-l pa kraze yon antant ki preske fin fèt pou Etazuni avek Iran respekte ako nikleye 2015 la.

Prensipal negosyate Iran an retounen Vyèn nan peyi Otrich mekredi 9 mas la , apre li te soti nan konsiltasyon nan Teheran.

11 mwa chita tande pou retabli akò a ki te leve sanksyon sou Iran an retou pou-l te ka redui pwogram nikleye li a rive nan denye etap yo kote plizyè diplomat di kounye a yo dakò an grand pati sou akò nikleye a.

Men lè yo fin rezoud kèk kesyon final, Larisi prezante yon nouvo baryè, kote li mande pou Etazuni ba-l garanti ekri ke sanksyon l'Oksidan yo ki vize Moskou poutèt envazyon Ikrèn nan, pa pral afekte komès li avek Iran.

XS
SM
MD
LG