Accessibility links

Breaking News

Kwatèbak Ekip Steelers la Dwayne Haskins Mouri nan yon Aksidan Otomobil


Foto Achiv: Kwatebak ekip foutbol zepol kare Dwayne Haskins nan yon match kont Carolina Panthers, 27 Out, 2021.
Foto Achiv: Kwatebak ekip foutbol zepol kare Dwayne Haskins nan yon match kont Carolina Panthers, 27 Out, 2021.

Kwatèbak ekip foutbol zepol kare Pittsburgh Steelers la, Dwayne Haskins, mouri nan yon aksidan otomobil tou pre Fort Lauderdale, eta Florid.

Otorite yo di yon gwo kamyon frape Haskins pandan misye tap mache sou yon otowout.

Haskins te jwe pou ekip Steelers epi Washington Commanders. Yo tou le 2 pibliye deklarasyon kondoleyans.

Haskins te gen 24 an, e Washington te chwazi'l nan premye tou seleksyon jwè NFL la an 2019, li te jwe nan 7 match kote li genyen 2 epi pèdi 5 premye ane li. Pwochen sezon an li te genyen yon match e pèdi 5.

Ekip Washington nan te deside pa renouvle kontra misye e se konsa li te kite ekip la 29 Desanm 2020. Kèk semèn pi ta, Pittsburgh te anplwaye'l men li pat jwe nan okenn match ditou pandan sezon 2021 an.

XS
SM
MD
LG