Accessibility links

Breaking News

Brezil: Prezidan Pwovizwa Chanm Bas la Anile Vòt Ki Te Deklanche Pwosedi Destitisyon Prezidan Dilma Rousseff la


Prezidan brezilyen an Dilma Rousseff (foto achiv)
Prezidan brezilyen an Dilma Rousseff (foto achiv)

Kriz politik kap sakaje Brezil la vinn pi malouk lendi 9 me a apre prezidan Palman an deklare "nul et non avenu" yon vòt ki te fèt mwa pase ki louvri pwosedi pou wetire prezidant brezilyèn nan, Dilma Rousseff, sou pouvwa a. Prezidan pwovizwa a Chanm bas la, Waldir Maranhao, deklare "dwe genyen yon nouvo vòt pou detèmine si wi ou non yo ta dwe jije e destitye madam Rousseff, yon dam 68 tan ka p dirije Brezil. Pou kounye a, pèsonn pa kapab di kouman e poukisa prezidan pwovizwa chanm bass la deside anile premye vòt ki te fèt kont prezidant lan. Desizyon Maranhao tonbe nan moman sena brezilyen a p prepare l pou l vote semèn sa a pou detèmine si l ta dwe sispann ou kite madan Roussef egzèse fonksyon prezidan an pandan pwosedi jujman ak destisyon li an demare.

XS
SM
MD
LG