Accessibility links

Breaking News

Kriz nan peyi Siri : Sekretè Jeneral Lig Arab la Gen pou Vizite Damas


Nabil A. Elaraby (foto achiv)
Nabil A. Elaraby (foto achiv)

Sekretè Jeneral Lig Arab la, Nabil Elaraby, di Siri dakò pou resevwa nan yon vizit li ka fè semèn sa a nan moman otorite siryen yo ap kontinye yon operasyon sere-boulon yo lanse kont disidan politik yo atravè tout peyi a.

Misye Elaraby, ki t ap pale nan vil Le Kèr dimanch 4 septanm nan, fè konnen gouvènman siryen an di l ap byen resevwa li si l fè vizit la. Lidè Lig Arab la ajoute li pral fè otorite yo nan Damas konnen kè-sote peyi arab yo devan vyolans k ap sakaje Siri a –vyolans ki fè anpil mò deja-- e li pare pou l tande opinyon lidè siryen yo.

Sa gen yon semèn otorite siryen yo te rejte yon apèl Lig Arab la te lanse pou l mande yon fen nan vyolans la. Siri se yon manm Òganizasyon Pan-Arab la ki te bay Damas konsèy pou l mete fen nan larivyè san k ap koule nan peyi a anvan li twò ta.

Nasyonzini fè konnen plis pase 2 mil 200 moun pèdi lavi yo nan operasyon sere boulon rejim prezidan Bashar El-Assad la lanse depi mwa mas pase a lè manifestan te kòmanse mande refòm ak fen gouvènman gwo ponyèt Misye al-Assad ap dirije a.

XS
SM
MD
LG