Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Chinwa Deside Ranfòse Lit kont Epidemi Kowonaviris la


Prezidan chinwa a, Xi Jinping, ki t ap vizite yon lopital pou moun k ap soufri ak maladi COVID-19 la (kowonaviris) nan Peken, kapital la. (Foto: Chin Nouvèl-10 fevriye 2020).
Prezidan chinwa a, Xi Jinping, ki t ap vizite yon lopital pou moun k ap soufri ak maladi COVID-19 la (kowonaviris) nan Peken, kapital la. (Foto: Chin Nouvèl-10 fevriye 2020).

Nan Lachin, Prezidan Xi Jinping lanse yon apèl bay lidè Pati Kominis ki sou pouvwa a, nan jounen mèkredi 12 fevriye 2020 an, pou l mande yo konsolide lit kont epidemi kowonaviris la ( COVID-19) pandan li bay detay sou dispozisyon gouvènman an ap pran pou l ankouraje pwogrè nan sektè ekonomik peyi a ki relanti akoz maladi mòtèl la. Kantite nouvo ka yo yon ti jan ralanti pandan 7 dènye jou yo, e Prezidan Xi site tandans sa a nan yon rankont avèk manm komite santral pati a.

Daprè ajans nouvèl ofisyèl Lachin nan, Chin Nouvèl, lidè chinwa deklare:

<< Nou anrejistre rezilta sa a gras ak pwogrè difisil ke tout pati konsène yo jwenn nan efò yo deplwaye pou sa. Kanpay nou lanse pou n anpeche epidemi an pwopaje e pou n kontwole li, rive nan yon etap kritik ki merite pou n fè plis efò toujou. >>

Yon lòt kote, daprè chif ki sòti nan komisyon sante piblik nasyonal chinwa a, yo anrejistre 97 nouvo ka lanmò ak yon total de 44 mil 653 moun ki enfekte ak viris la depi epidemi an te eklate mwa pase a. Kèk espesyalis di yo pa kwè kantite ka otorite yo rapòte a koresponn vrèman avèk chif veritab la. Si kantite sa a di laverite, sa ta kapab bay moun rezon pou yo espere yon amelyorasyon, lè nou konsidere ke chif otorite yo te bay madi 11 fevriye a pou nouvo ka enfeksyon yo, swa 2 mil15, te pi ba pase chif yo te repòte pou 2 zou 3 jou ki te vini anvan yo.

Doktè Anne Schuchat, Vis Direktris CDC (Sant Kontwòl ak Prevansyon Maladi ameriken an). Li di: "Jiskaprezan yo idantifye e konfime 13 ka Ozetazini nan 6 eta ameriken diferan.".
Doktè Anne Schuchat, Vis Direktris CDC (Sant Kontwòl ak Prevansyon Maladi ameriken an). Li di: "Jiskaprezan yo idantifye e konfime 13 ka Ozetazini nan 6 eta ameriken diferan.".

Pandansetan, Ozetazini, Doktè Anne Schuchat, vis direktris Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi a (CDC), fè konnen sitiyasyon ki prezante nan peyi a pa menm jan ak jan sa ye sou kontinan azyatik la. Doktè Schuchat di:

“Gen 13 ka ki konfime. Se 2 sèlman pami moun sa yo ki te trape maladi a sou tèritwa nasyonal Etazini an, paske yo t ap viv avèk yon moun ki te trape viris la pandan li tap vizite vil Wuhann, nan Lachin. Dispozisyon dyanm nou pran nan domèn vwayaj la ak estrateji nou itilize sou fwontyè nou yo, mete sou ankèt nou lanse pou n detekte moun ki te gen kontak ak yon malad, piblikasyon tès laboratwa yo, koutmen nou resevwa nan men responsab avyon k ap rapatriye ameriken ki te nan rejyon afekte yo, tou sa te sèvi pou ede n ralanti arive viris la Ozetazini.”

Doktè Anne Schuchat ajoute 13 ka yo idantifye Ozetazini yo rive nan 6 eta ameriken diferan.

Toujou Ozetazini, Depatman Deta ameriken an, ki t ap abòde dosye a madi, fè konnen li pral pèmèt anplwaye ki pa esansyèl ak manm fanmi yo nan konsila ameriken an nan Honk Kong, rantre Ozetazini “pa mezi de prekosyon akoz li poko posib pou moun prevwa kijan maladi COVID-19 la pral evolye.” Mwa pase a Depatman Deta te fè yon anons menm jan pou manm pèsonèl diplomatik ameriken ki an fonksyon nan diferan vil nan Lachin -pami yo gen kapital la, Peken. Menm mwa pase a anplwaye ki nan konsila ameriken an nan vil Wouhann, kapital pwovens Hubei kote epidemi an te kòmanse a, te resevwa lòd pou yo pati kite vil sa a.

Kantite moun ki deja mouri anba epidemi COVID-19 la depase kantite ki te pèdi lavi yo anba Sendwòm Respiratwa Grav la (SARS) ki te eklate ant 2002 e 2003. Dapre estimasyon espesyalis yo, sendwòm sa a te touye 774 moun tandiske 8 mil 100 lòt te enfekte nan Lachin avèk Honk Kong.

XS
SM
MD
LG