Accessibility links

Breaking News

Kowalisyon Etazini ap Dirije Reponn Nouvo Atak nan Siri, Irak


이라크 서부 안바르의 아인 알-아사드 기지.
이라크 서부 안바르의 아인 알-아사드 기지.

Etazini ak fòs kowalisyon an ap reponn kif-kif apre yon seri atak ak wokèt e ak drone ke milisyen ki konekte ak Iran te lanse sou baz yo nan Siri ak Irak.

Kowalisyon Etazini ap dirije a akize mekredi 5 janvye a milisyen Iran apiye yo kòmkwa yo te vize ak 8 seri frap endirèk Villaj Vèt la, yon baz fos Demokratik siryen yo (FDS) nan nodès Siri ki loje fòs kowalisyon an.

Yon komunike kowalisyon an fè konnen fòs li yo te reponn byen rapid kote yo te tire pyès kanno sou sit ki lanse atak yo ki toupre bouk Mayadin.

Otorite ameriken yo refize pale sou posiblite pou operasyon yo kontinye men yo di ke Etazuni ak kowalisyon an pare pou reponn si gwoup ki konekte ak Iran yo ogmante atak yo.

XS
SM
MD
LG