Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Fè Konprann Pwochen Manm Kou Siprèm Etazini an Pral yon Konsèvatè

Yon manifestan t ap fè yon drapo flote devan Kou Siprèm nan nan moman Gran Tribinal la t ap prepare l pou l pran yon desizyon nan afè "Trump kont Eta Away" konsènan restriksyon sou vwayaj ki afekte sitwayen kèk peyi mizilman. (Washington, 25 jen 2018).

Isit Washington, prezidan Donald Trump bay patizan li yo garanti kòmkwa yo pral byen kontan konnen ki moun l ap chwazi pou okipe yon pòs nan Kou Suprem nan, pi gwo tribinal peyi a, pou ranplase gran jij Anthony Kennedy ki anonse l ap pran retrèt li nan fen mwa jiyè a.

Pandan Misye Trump t ap patisipe nan yon dine an lonè manm Fòszame Lèzetazini yo mèkredi 4 jiyè a, li deklare:

"Mwen panse nou tout ki la a, nou pral kontan onn-pe-pli lè nou va konnen kilès mwen chwazi. Nou te pran 10 sou 10 avèk nominasyon dènye gran jij mwen te chwazi a, Neil Gorsearh; mwen ban nou garanti nou pral enpresyone anpil lè nou va konnen kilès m ap nonmen kòm nouvo jij la, paske fwa sa a se gwo lo a nou pral pran."

Kèk nan manm Kou Siprèm Lèzetazini an: Anthony Kennedy (goch), Prezidan Kou Siprèm nan John Roberts (dwat) pandan yon priz de foto fanmi nan Gran Tribinal la. .
Kèk nan manm Kou Siprèm Lèzetazini an: Anthony Kennedy (goch), Prezidan Kou Siprèm nan John Roberts (dwat) pandan yon priz de foto fanmi nan Gran Tribinal la. .

Nan kòmansman semèn sa a Misye Trump te rankontre ak 7 kandida pou pòs la –pami yo gen 6 ki deja ap tavay kòm kou dapèl, swa yon nivo pi ba pase Kou Suprèm nan- avèk Senatè Eta Utah a, Mike Lee.

Tout kandida yo se konsèvatè, sètadi yo gen opinyon ki konfòm ak pwomès prezidan an te fè elektè yo pandan kanpay 2016 la kote li te di, si jamè pèp la ba li yon chans pou l nonmen youn oubyen 2 manm Kou Siprèm nan ki pral rete nan pòs la avi, li t ap fè nominasyon ki ka fè balans la panche sou bò konsèvatè a nan Gran Tribinal la pandan plizyè jenerasyon.

Si Sena a konfime chwa Misye Trump la, moun sa a pral ranplase Jij Anthony Kennedy ki te anonse semèn pase a li pral pran retrèt li nan dat 31 jiyè kap vini la a.

XS
SM
MD
LG