Rezidan nan kapital komèsyal Kot-Divwa, Abidjan, rete lakay yo lendi 4 avril 2011 la, nan moman fòs ki fidèl ak prezidan kominote entènasyonal la rekonèt la, an palan de Alassane Ouattara, ap pare yon dènye ofansiv pou yo dechouke Prezidan Laurent Gbagbo sou pouvwa a.
Komisyon elektoral la te deklare Mesye Ouattara venkè eleksyon prezidansyèl kite dewoule mwa novanm ane pase a ; men mesye Gbagbo derefize renmèt pouvwa a .
Sòlda peyi Lafrans pran kontwòl aewopò Abidjan a e yo itilize l pou evakye etranje yo e Pari voye 300 lòt sòlda al pote-kole ak fòs mentyen lapè Nasyonzini yo.
Avan sa, kèk sòlda ki te lwayal anvè mesye Gbagbo te rann tèt yo bay fòs Nasyonzini yo, tandiske kèk lòt t’al pran refuj nan peyi Gana.