Nan Kotdivwa, yo arete nan rezidans prive li lidè peyi a, Laurant Gbagbo, ki pat sispann defye tout apèl pou l kite pouvwa a; arestasyon sa a mete fen nan yon lit pou pouvwa a ki dire 4 mwa.
Konbatan –ki apiye Alassane Ouattara, prezidan peyi a kominote entènasyonal la rekonèt-- mete men sou misye Gbagbo lakay li nan Abidjan lendi 11 avril 2011 la aprè yon operasyon yo te lanse ansanm avèk kèk fòs fransè espesyal.
Pandan plizyè mwa, msye Gbagbo te derefize remèt pouvwa a bay Ouattara ke l’ONU sètifye kòm venkè eleksyon prezidansyèl ki te dewoule nan mwa novanm 2010 la.
Li te fèmen tèt li nan yon rezidans fòtifye ki genyen nan Abidjan avèk yon bann patizan n.