Accessibility links

Breaking News

Kotdivwa: Reyaksyon Sekretè Jeneral L'ONU an


Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ban Ki-moon
Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ban Ki-moon

Sekretè-jeneral Oganizasyon Nazyonzini an, Ban Ki-moon, lanse apèl bay nouvo dirijan peyi a pou l mande yo sezi sa lidè l’ONU an rele « yon okazyon istorik » pou yo travay pou rekonsilyasyon nasyonal, apre arestasyon ansyen Prezidan Laurent Gbagbo.

Misye Ban pale lendi 11 avril 2011 la ak Prezidan Ouattara e li ensiste sou nesesite pou nouvo gouvènman an pran dispozisyon ki nesesè pou pa genyen zak revanch kont patizan Gbagbo yo.

Nasyonzini fè konnen twoup li genyen sou plas nan Kotdivwa pral kontinye pwoteje polilasyon sivil la epi ede gouvènman an nan efò l ap fè pou l retabli respè lalwa nan peyi a.

XS
SM
MD
LG