Accessibility links

Breaking News

Kot Divwa - Eleksyon: Kriz la Poko Jwenn Solisyon


Kot Divwa - Eleksyon: Kriz la Poko Jwenn Solisyon
Kot Divwa - Eleksyon: Kriz la Poko Jwenn Solisyon

Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, lanse avètisman pou l di peyi Kot-Divwa ap fè fas ak yon veritab posiblite pou l tonbe nan gè sivil ankò, nan moman prezidan sòtan an, Laurent Gbagbo, ap plede di se li menm ki ranpòte eleksyon prezidansyèl mwa pase a.

Misye Ban –ki t ap pale de dosye a madi 21 desanm 2010 la-- fè konnen sitiyasyon an ka rive nan yon pwen kritikk nan kèk jou sèlman, e li akize fòs militè ki fidèl anvè misye Bagbo yo dèske y ap eseye bloke travay misyon Nasyonzini genyen nan peyi a.

Kominote entènasyonal al rekonèt Alassane Ouattara kòm kandida ki genyen eleksyon konteste ki te dewoule nan mwa novanm nan; men Misye Gagbo ensiste madi 21 desabn 2010 la poul di se li menm ki vrè prezidan ivwaryen an.

XS
SM
MD
LG