Accessibility links

Breaking News

Kore di Sid Refize Peye pou yon Sistèm Defans Anti-Misil Lèzetazini ap Enstale nan Sewoul


Manifestan sid-koreyen ki kont enstalasyon Batri Defans Anti-Misil Tèminal a Wot Altitid la (abreje anglè THAAD), nan peyi yo.
Manifestan sid-koreyen ki kont enstalasyon Batri Defans Anti-Misil Tèminal a Wot Altitid la (abreje anglè THAAD), nan peyi yo.

Gouvènman Kore di Sid la prese rejte yon apèl Prezidan Donald Trump lanse pou l mande Sewoul peye yon milya dola pou yon systèm defans anti-misil Lèzetazini ap enstale sou teritwa sid koreyen an (non sistèm nan se Batri Defans Anti-Misil Tèminal a Wot Altitid, abreje anglè “THAAD”). Ministè defans sid koreyen an pibliye yon kominike nan jounen vandredi 28 avril 2017 la pou li di :

“ Pa genyen oken chanjman ni nan pozisyon Kore di Sid ni nan pozisyon Lèzetazini sou kesyon an, asavwa gouvènman nou an pral founi teren an ak enstalasyon d’apui yo, epi Lèzetazini pral peye pou deplwaman, operasyon ak antretyen sistèm defans la.”

2 peyi yo te mete yo dakò sou deplwaman THAAD la nan ane 2016 la, sou administrasyon Prezidan Barack Obama (Ozetazini) ak administrasyon ansyen Prezidan Park Geun-hye (Kore di Sid). An fèt, youn nan kondisyon ki te anpeche Prezidan Park chache jwenn otorizasyon asanble nasyonal sid-koreyen an pou akò a antre an aplikasyon, se le fèt ke antant la pa ta pral mande pou Kore di Sid fè okenn depans an plis. Sepandan, pandan Prezidan Donald Trump tap bay ajans nouvèl Reuters yon entèvou nan Washington jedi 27 avril 2017 la, li deklare li vle pou Kore di Sid peye pou sistèm nan.

XS
SM
MD
LG