Accessibility links

Breaking News

Kore di Sid Eksprime Volonte pou Dyaloge ak Vwazen li Kore di Nò sou Konfli 2 Peyi yo

Yon nonm kap gade kat jeyografik ki montre zòn fwontalyè ant Kore di Nò ak Kore Sid, nan Imjingak Paviliontou tou pre Panmunjom, ki separe 2 nasyon koreyen yo depi apre Lagè ant 2 peyi yo, nan Paju, Kore di sid, 6 Jiyè, 2017

Kore di Sid pwopoze yon chita-koze nan nivo militè ansanm ak yon reyinyon fanmi ak Kore di Nò pou redui chans pou konfli sou kesyon aktivite Pyongyang kap kontinye devlope zam nikleyè ak misil balistik nan rejyon an.

Ministè Defans sid koreyen an pwopoze pou gen chita-koze militè ant 2 Kore yo 21 jiyè 2017 k ap vini an, nan Tongilgak nan Kore di Nò pou yo sispann tout aksyon ki montre tansyon sou fwontyè a. Minis lan fè deklarasyon sa a nan Seo Joo-seok, Sewoul, lendi 17 jilyè 2017 la.

XS
SM
MD
LG