Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò: Pyongyang ap Chate Kanta Mwa Apre Dèney Tès Misil li a


Yon nonm nan yon estasyon tren nan Kore di Sid kap gade nan televizyon nouvèl sou lansman misil peyi Kore di Nò a.
Yon nonm nan yon estasyon tren nan Kore di Sid kap gade nan televizyon nouvèl sou lansman misil peyi Kore di Nò a.

Lidè Kore di Nò a, Kim Jung Un, ap chante kanta mwa konsènan siksè li pote nan swadizan tès misi entèkontinatal madi 4 jiyè 2017 la. Mesye Kim di yon gwoup savan ak teknisyen ke Lèzetazini pap kontan ditou lè li resevwa sa l rele yon pakè chaje kado, nan moman ameriken yo ap selebre jou endepandans yo a, dapre ajans nouvèl nò koreyen KCN.

Pyongyang te lanse misil Tip Hwasong-14 a apati yon ayewopò ki toupre nasyon an pataje ak Lachinn. Akademi pou Syans defansiv Kore di Nò fè konnen misil la te vwayaje sou yon distans 933 kilomèt nan yon wotè ki atenn 2 mil 802 kilomèt anvan li tal tonbe nan lanmè Japon an 39 minit apre. Dapre kèk ekspè, misil Kore di Nò a gen kapasite pou l atenn eta Alaska isit Ozetazini.

Kèk èdtan sèlman apre Pyongyang te anonse lansman misil li a, prezidan ris la, Vladimir Putin, te deklare li pral kowòdone ak tokay chinwa li a, Xi Jinping, yon plan pou dekouraje menas nikleyè Kore di Nò a, yon menas ki kontinye ogmante.

Nan yon nòt pou laprès ki pote siyati Sekretè Deta Rex W. Tillerson, Lèzetazini kondane tès misil Kore di Nò a. Nòt la di tou peyi Etazini kwè yon menas mondyal konsa bezwen yon solisyon global ant tout patnè entènasyonal yo,.

XS
SM
MD
LG