Accessibility links

Breaking News

Dènye Tès Misil Kore di Nò a Pa Reprezante yon Menas pou Rejyon Ameriken di Nò a Dapre Defans Ayewo-Spasyal peyi Etazini


Yon nonm ki kanpe nan yon estasyon tren nan Seoul, Kore di Sid, e kap gade nan televizyon misil Kore di Nò te tire nan dat 5 avril 2017 la. Seoul, Kore di Sid 6 avril 2017.
Yon nonm ki kanpe nan yon estasyon tren nan Seoul, Kore di Sid, e kap gade nan televizyon misil Kore di Nò te tire nan dat 5 avril 2017 la. Seoul, Kore di Sid 6 avril 2017.

Kore di Nò fè yon nouvo tès misil byen bonè mèkredi 5 avril 2017 la toupre baz sou-maren rejyon Sinpo a. Dapre kèk ekspè, demach sa a endike militè nò-koreyen yo ap eseye devlope kont-mezi pou defann tèt li sizoka Lèzetazini ta lanse yon atak prevantiv sou li.

Responsab militè sid-koreyen ak ameriken detekte lansman yon sèl grenn misil balistik nan kòmansman jounen mèkredi a nan tou pre enstalasyon Sinpo a, pwovens ki bay sou kot lès peyi a. Dapre evalyasyon preliminè yo, misil Pyongyang itilize nan tès la, se yon misil pòte mwayen tip KN-15.

Defans ayewo-spasyal ameriken an fè konnen aksyon Kore di Nò poze nan sans sa a pa reprezante yon menas pou rejyon Amerik di Nò a.

XS
SM
MD
LG