Militan ke anpil moun konnen nan Larisi, Alexei Navalny, pwomèt pou l mennen yon kanpay dezobeyisans sivil kont rezilta eleksyon prezidansyèl la ki dapre sa l di, Vladimir Putin vòlè.
Navalny deklare plizyè milye moun pwal okipe beton an nan vil yo nan Larisi e pral kontinye manifeste jiskaske gouvènman satisfè doleyans yo.
Lapolis te arete Navalny ak plizyè santèn lòt patizan opozisyon an nan yon manifestasyon kont Msye Putin nan Moskou, lendi 5 mas la. Pi ta yo te lage yo. Anpil manifestan te chante slogan tankou ‘’Larisi san Putin’’ epi ‘’Pouvwa a pou milyon moun yo, pa pou lapolis.’’
Pòtpawol Vladimir Putin, Dmitry Peskov, defann arestasyon yo kote li fè konnen lapolis te aji selon lalwa. Li dekkare aksyon opozisyon an te gen 2 pati, youn legal, e lòt la illegal – e li ajoute ke nan tou le 2 ka yo, lapolis te aji legalman e te jwenn rezilta li te bezwen an.