Accessibility links

Breaking News

L' ONU Resevwa yon Tablo Sonb sou Sitiyasyon Politik la ann Ayiti


Sal reyinyon Konsèy Sekirite Nasyon Zini an.
Sal reyinyon Konsèy Sekirite Nasyon Zini an.

Marie Yolaine Gilles, youn nan responsab Fondasyon Je Klere ak Helen La Lime, reprezantan sekretè Jeneral Nasyonzini ann Ayiti prezante yon tablo sonbre sou sitiyasyon peyi a devan Konsèy Sekirite a. Nan entèvansyon video-konferans la, Marie Yolaine Gilles pale de 23 gang ame ki egziste nan alantou kapital la Pòtoprens.

Reprezantan sekretè jeneral Nasyonzini an, Helen La Lime, deplore enpas politik la peyi a ap travèse depi jiyè 2018. Selon deklarasyon reprezantan Etazini nan l ONU Kelly Craft, Ayiti bezwen òganize eleksyon lejislativ pivit posib pou gen yon gouvènman fonksyonèl pou reponn bezwen popilasyon an. Reprezantan administrasyon ameriken nan rekonèt refòm yo nesesè men li pa dwe sèvi kòm pretèks pou retade eleksyon yo.

Reprezantan Ayiti a, Fritzner Gaspard, rekonèt Ayiti ap konfonte moman difisil ki menase lòd piblik. Selon reprezantan gouvènman demisyonè a otorite yo pran nòt kè sote kominote entènasyonal la pandan li souliyen diskisyon politik yo ap dewoule pou jwenn yon solisyon ak kriz politik la. Nou t ap site yon rezime Jounal Le Nouvelliste rankont sa a ki dewoule nan Nasyonzini.

Yon lòt kote, lidè yo nan Mache Komen Karayib la, CARICOM eksprime sipò yo pou dyalòg k ap dewoule ann Ayiti ant pouvwa a ak opozisyon an. Responsab yo swete tout sektè patisipe nan dyalòg sa a ak objektif pou rezoud kriz la. Oganizasyon rejyonal al ap anvizaje pou l voye ann Ayiti yon misyon denfòmasyon nan kòmansman mwa Mas la dapre yon kominike ki soti nan Ministè Afè Etranjè ayisyen an.

XS
SM
MD
LG