Accessibility links

Breaking News

Konsèy Sekirite Nasyonzini an Kapab Vote yon Rezolisyon Kont Gouvènman Siryen an


Yon manifestan k ap pwoteste kont gouvènman siryen an kenbe yon siy ki ekri: "eden Siri ap senyen"
Yon manifestan k ap pwoteste kont gouvènman siryen an kenbe yon siy ki ekri: "eden Siri ap senyen"

Plizyè diplomat fè konnen Konsèy Sekirite Nasyonzini an kapab vote mad i 4 oktòb 2011 la sou pwojè rezolisyon ewopeyen pou kondane operasyon brital gouvènman siryen an kont sivil yo.

Pwopozisyon rezolisyon an menase pran mezi kont gouvènman Prezidan Bashar al-Assad si li pa kanpe sou operasyon militè kont militan pwo-demokrasi yo.

Peyi Larusi kanpe kont sanksyon sou Siri yo e diplomat yo di li pa klè pou konnen si wi ou non Moskou pral poze veto kont rezolisyon an oubyen si li ap fè «abstansyon» sa li vle di li pap vote.

Nan Siri, plizyè militant di fòs sekirite yo arete nan zòn vil Rastan ---yon vil rebèl--- plis pase pase 3 mil moun depi samdi nan kad yon koukouwouj dèyè militè ki abandone pòs yo kòm militè.

XS
SM
MD
LG