Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Konsèy Elektoral Pwovizwa a Pwopoze Yon Pwojè Kalandriye Elektoral


Foto kèk bwat-bilten pou elektè lage vòt yo
Foto kèk bwat-bilten pou elektè lage vòt yo
Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) enstitisyon ki mandate pou òganize eleksyon nan peyi Dayiti, soumèt yon pwojè kalandriye elektoral bay pati politik yo pou kòmantè ak sugjesyon. Selon korespondan nou Rotchild François Junior reyaksyon kòmanse tonbe sou pwojè kalandriye a ki prevwa premye tou eleksyon yo pou 26 Oktòb epi 2zièm tou a pou 15 Desanm 2014.
Gade agoch atik sa a epi fè yon klik sou "Koute" anba mo" Multimedia" pou plis detay sou devlopman sa a ak Rotchild F. Junior.
XS
SM
MD
LG