Accessibility links

Breaking News

Ozetazini: Palmantè yo nan Chanm Bas la Deside Apwouve Kèk Sanksyon Kont Larisi


Kongrè Ameriken an. (Foto:AP/Susan Walsh). 6 septanm 2016.
Kongrè Ameriken an. (Foto:AP/Susan Walsh). 6 septanm 2016.

Chanm depite ameriken an byen kapab apwouve kèk nouvo sanksyon madi 25 jiyè 2017 la kont Larisi poutèt enjerans li nan eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la isit Ozetazini.

An mèmtan tou, vòt sa a pral bay Kongrè a nouvo pouvwa pou revize nenpòt tantativ Prezidan Donald Trump ta fè pou adousi mezi enstans lejislativ ameriken an pran kont Moskou.

Sena a deja apwouve vèsyon lwa pa li a. Palmantè nan tou 2 chanm yo lanse apèl pou genyen yon peryòd 30 jou pou vote sou tout demach lidè ameriken an vle antreprann pou diminye sanksyon ansyen Prezidan Barack Obama te pran kont Larisi, tankou fèmen kèk enstalasyon ris yo genyen Ozetazini kòm pinisyon pou enjerans Moskou nan eleksyon prezidansyèl ane pase a.

XS
SM
MD
LG