Kongrè Etazini an ap vanse nan direksyon pou l mete sanksyon pi sere sou Iran, aprè revelasyon, mwa pase a, yon swadizan konplo iranyen pou te asasinen anbasadè Arabi Saoudit la, nan Washington.
Komite afè etranjè nan kongrè a apwouve yon pwojè lwa sevè ki ka ranfòse sanksyon Etazini sou enterè finansye, petrolye ak nikleyè peyi Iran.