Accessibility links

Breaking News

2 Dirijan Nasyon Zini Anba Men Kidnapè nan Peyi Kongo


2 sòlda Nasyonzini kap fè pòs nan pò Goma a peyi Kongo.
2 sòlda Nasyonzini kap fè pòs nan pò Goma a peyi Kongo.

Otorite yo nan Repiblik Demokratik Kongo ki gen ti non RDC fè konnen 2 dirijan l ONU, yon Ameriken ak yon moun peyi Suèd, ansanm ak 4 kongolè tonbe anba men ravisè nan pwovens Kasai Santral.

Otorite nan gouvènman an idantifye dirijan l ONU yo kòm Michael Sharp, yon American, ak Zahida ki se moun peyi Suèd. Yo fè konnen yo pako idantifye kidnapè yo.

Responsab Nasyon Zini yo nan New York pa vle konfime ke gen 2 dirijan yo ki anba men kidnapè yo men yo fè konnen misyon l ONU an nan RDC, ki rele MONUSCO, kòmanse fè rechèch.

XS
SM
MD
LG