Accessibility links

Breaking News

Konferans Entènasyonal sou Libi


Konferans Entènasyonal sou Libi
Konferans Entènasyonal sou Libi

Reprezantan grand puisans mondyal yo ap rankontre madi 29 mas 2011 la nan vil Lond, ann Angletè, pou yo eseye desine avni politik Libi san Kadhafi.

Anviwon 40 minis afè etranjè ap patisipe nan yon konferans avèk objektif pou yo chache yon plan k ap debouche sou yon Libi ki pap gen Kadhafi kòm lidè.

Yon gwoup peyi arab gen pou reponn prezan nan konferans sa-a, san bliye reprezantan Lig Arab la ak Inyon Afrikèn nan.

Daprè nouvèl yo, lidè mouvman rebèl libyen an, Mokmoud Jibril, byen kapab patisipe nan rankont Lond la ; sepandan ajans nouvèl Reuters site kèk sous diplomatik britanik ki ta di kòmkwa misye Jibril pa gen envitasyon pou l asiste konferans la.

XS
SM
MD
LG