Accessibility links

Breaking News

Kondisyon yo Poko Kòrèk pou yon Kolaborasyon Militè ant Etazini ak Larisi Dapre Sekretè Defans Ameriken an


Sekretè Defans Etazini an, Jim Mattis, pandan li tap pale ak laprès nan katye jeneral Òganizasyon Trete Atlantik Nò a, (l OTAN) nan Brusèl. 16 fevriye, 2017. (Foto: AP/Virginia Mayo)
Sekretè Defans Etazini an, Jim Mattis, pandan li tap pale ak laprès nan katye jeneral Òganizasyon Trete Atlantik Nò a, (l OTAN) nan Brusèl. 16 fevriye, 2017. (Foto: AP/Virginia Mayo)

Sekretè Defans Etazini an, Jim Mattis deside ekate lide nenpòt kolaborasyon militè ant Etazini ak Larisi, kote li fè konnen kondisyon yo pako kòrèk pou sa fèt kounye a.

"Men lidè politik nou yo pral angaje yo e chache yon pwen kote yo ka jwenn yon antant.” Mesye Mattis te pale konsa nan yon konferans pou laprès nan katye jeneral Òganizasyon Trete Atlantik Nò a, (l OTAN) nan Brusèl jedi 16 fevriye 2017 la.

Mesye Mattis deklare," Pou gen kooperasyon militè, fòk dabò Larisi pwouve li ka konfòme l ak lwa entènasyonal yo."

XS
SM
MD
LG