Yon tribinal espesyal nan peyi Bareyn, kondane 8 militan chiyit pou yo pase rès vi yo nan prizon sou akizasyon dèske yo te mele nan konplo pou ranvèse gouvènman an aprè seri manifestasyon opozisyon an te òganize pi bonè ane sa a.
Akizasyon an te tonbe sou do yon afè de 21 moun tribinal la jije; e pami santans otorite lajistis yo anonse mèkredi 22 jen 2011 la, genyen yon tou prizon avi pou lidè politik chiyit popilè Hassan Mushaima, ak yon santans 5 kan prizon pou Ibrahim Sharif, youn nan lidè mouvman k ap mande refòm nan peyi a.