Accessibility links

Breaking News

Donald Trump Junior, Pigran Pitit Gason Prezidan Trump la, Asiyen pou Vin Reponn Kesyon Sena a


Prezidan ameriken an Donald Trump ak pi gran pitit gason li an Donald Jr. nan Trump Tower, New York. Foto: 27 fevriye 2019.
Prezidan ameriken an Donald Trump ak pi gran pitit gason li an Donald Jr. nan Trump Tower, New York. Foto: 27 fevriye 2019.

Komite ransèyman Sena ameriken an asiyen pi gran pitit gason Prezidan Trump la pou l vin reponn kesyon sou depozisyon li te fè nan lane 2017 devan komite a, nan kad ankèt sou enjerans Larisi nan eleksyon 2016 la.

Komite a renouvle enterè nan pale ak Donald Trump Junior aprè ansyen avoka prezidanan, Michael Cohen di yon komite chanm nan -- nan mwa fevriye pase a li te bay Trump Jr. enfomasyon 10 fwa sou yon pwojè pou bati yon "Trump Tower" nan Moskou, peyi Larisi.

XS
SM
MD
LG