Accessibility links

Breaking News

Komite 6 Janvye a Pare pou Odisyon Piblik


Foto Achiv: Manm La Chanm de Reprezantan kap mennen anket sou atak 6 Janvye a nan Washington, 30 Jyen 2021.
Foto Achiv: Manm La Chanm de Reprezantan kap mennen anket sou atak 6 Janvye a nan Washington, 30 Jyen 2021.

Komite La Chanm dè Reprezantan Etazini k'ap mennen ankèt sou revòlt 6 Janvye a nan Capitòl la gen entansyon televize seyans odisyon li ak yon seri rapò nan mwa kap vinn la yo. Komite a gen entansyon prezante bay pèp Ameriken an rezilta ankèt li epi rann piblik entèvyou li te fè an prive sou kestyon an.

Komite espere non sèlman montre severite revòlt sa a, men tou kontrekare deklarasyon ansyen prezidan Trump te fè kote li bay manti sou frod ki te swadizan fèt pandan eleksyon an. Li gen entansyon egzaminen tou kijan Trump te eseye mete presyon sou divès eta ak Kongrè a pou'l ranvèse viktwa Prezidan Joe Biden te ranpòte nan eleksyon prezidansyèl la.

Komite a ap eseye konbat yon jefò Donald Trump ak akolit li yo nan pati Repibliken an ap fè pou yo diminye enpotans atak patizan li yo te lanse kont Kongrè a 6 Janvye 2021.

XS
SM
MD
LG