Accessibility links

Breaking News

Komisyon Tom Lantos nan Kongrè Ameriken an Tande yon Depozisyon sou Dwa Moun ann Ayiti


Yon deposizyon nan Kongrè a sou sitiyasyon dwa moun ann Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:20:10 0:00

Yon deposizyon nan Kongrè a sou sitiyasyon dwa moun ann Ayiti

Komisyon Tom Lantos la, ki responsab dosye dwamoun nan Chanm Bas Kongrè ameriken an, te òganize yon seyans sou eta sitiyasyon dwamoun ann Ayiti nan apremidi jounen mèkredi 4 mas 2020 an. 2 ko-prezidan komisyon an, Depite James P. McGovern (2èm sikonskripsyon Eta Massachusetts), avèk Depite Christopher H. Smith (4èm Sikonskripsyon, Eta New Jersey), plis Depite Sheila Lee-Jackson (18èm Sikonskripsyon, Eta Tegzas), avèk Depite Jamie Raskin (8èm Sikonskripsyon Eta Maryland) te genyen pou swiv ekspoze manm 3 panèl sou jan sitiyasyon dwamoun nan prezante aktyèlman nan Peyi d Ayiti.

Pèsonalite ki te konpoze premye panèl la se: Goerges A. Fauriol, responsab wo-plase nan chapit ameriken Sant pou Etid Estratejik e Entènasyonal; Anthony Banbury, prezidan e direktè jeneral IFES (Fondasyon Entènasyonal pou Sistèm Elektoral), avèk Ellie Happel, direktris Haiti Project (Pwojè pou Ayiti) e manm ekip jiridik fakilte dwa Inivèsite New York la.

2èm panel la, menm jan avèk 3èm nan, te genyen yon sèl manm: Madam Paloma Adams-Allen, prezidan-direktris jeneral Inter-American Foundasyon, pou premye a; epi pou 3èm nan Madam Loune Viaud, direktris Zanmi Lasante, yon òganizsyon k ap travay nan divès sektè –sitou domèn sante a-- depi lontan deja nan Depatman Ploto Santral la ak Depatman Latibonit ann Ayiti,

Nou pwopoze entènot yo/telespektè yo/oditè yo yon repòtaj Lyonel Desmarattes.

XS
SM
MD
LG