Accessibility links

Breaking News

Kominote Entènasyonal la di Kadhafi Dwe Pati


Lidè Libyen Muammar Gaddafi (LIBYA - Tags: POLITICS CIVIL UNREST)
Lidè Libyen Muammar Gaddafi (LIBYA - Tags: POLITICS CIVIL UNREST)

Lidè peyi La Grand Bretay, Lafrans ak Lèzetazini fè konnen kowalisyon l’OTAN an pral kontinye kanpay militè li a kont Libi jiskaske kolonèl Mohammar Kadhafi kite pouvwa a.

Premye-minis britanik la, David Cameron, prezidan fransè a, Nicolas Sarkozy, ak prezidan ameriken an, Barack Obama, fè konnen si yo kite Kadhafi sou pouvwa a, se t ap yon trayizon konfyans pèp libyen an, e pa t ap gen padon pou yon bagay konsa.

Nan yon deklarasyon an tèt-ansanm 3 lidè yo publiye vandredi 15 avril 2011 la nan divès jounal entènasyonal, yo di: « Li enpansab pou yon moun ki te eseye masakre pwòp pèp li, kapab jwe yon wòl kèlkonk nan gouvènman pèp sa a ».

Youn nan pitit-fi misye Kadhafi yo, Aisha Kadhafi, defann papa l vandredi 15 avril 2011 la kote manmzèl rasanble plizyè santèn moun nan Tripoli, pi presizeman devan yon rezidans misye Kadhafi ke avyon militè ameriken te bonbade an 1986.

XS
SM
MD
LG