49èm Asanble Jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) pran fen nan finisman dènye semèn mwa jen an (27-28 jen 2019), nan vil Medellin, Kolonbi, avèk apwobasyon tout dokiman eta-manm yo te gen devan yo pou yo vote. Nan dènye sesyon plenyè a, asanble a apwouve, antwòt, 2 rezolisyon: youn sou Venezuela e lòt la sou Nikaragwa.
Nan menm sesyon an manm OEA yo re-eli Madam Esmerada Orosemena de Troitinio, diplomat peyi Panama, ak Madam Margaret May Macaulay, reprezantan La Jamayik, kom manm Komissyon Inter-Ameriiken pou Dwamoun; se manm jan an tou yo eli 2 nouvo manm nan komisyon an : Edgar Stuardo Ralòn, reprezantan Gwatemala, ak Julissa Mantilla Facon, diplomat perivyèn.
Nan Komisyon Juridik Entè-Ameriken an, paragweyen José Antonio Moreno Rodriguez jwenn re-eleksyon li, epi yo eli diplomat surinamyen Eric Patrick Rudge kòm manm. Nan Sant Jistis pou Lèzamerik yo, eta-manm yo re-eli diplomat ajanten Daniel Petone e yo eli sirinamyen Maytrie Vydia Kul-dip kòm manm.
Nan Konsèy pou Odit Ekstèrn nan, kanadyen Martin Rubenstein re-eli pa aklamasyon e yo bay Konsèy Pèmanan an responsablite pou l òganize eleksyon pou nouvo manm pa pi ta ke 30 septanm 2019. Epi nan Tribinal Administratif la, irigweyen Pablo Sando-Nato eli pa aklamasyon.
Eta-manm OEA yo aksepte òf peyi Bahamas fè pou l sèvi kòm syèj
50èm Asanble Jeneral òganizasyon rejyonal la an 2020.