Nan Kolonbi, elektè yo eli yon ansyen rebèl gochis kòm majistra Bogota, dezyèm pòs tou pwisan nan nasyon Anden an aprè prezidans la.
Gustavo Petro ki gen 51 an te mennen yon kanpay anti-koripsyon nan kapital la kote dènye majistra ki te eli a nan prizon kounye la a anba akizasyon kout lajan anba tab.
Petro ranmase 32 pou san vwa yo avèk prèske tout vwa ki konte deja yo. Konpetitè ki te pye kou pye dèyè l sete ansyen majistra Bogota a, Enrique Penalosa ki gen 25% vwa.