Nan peyi Kolonbi, dimanch 20 jen an sete 2èm tou eleksyon prezidansyèl yo pou ranplase Alvaro Uribe. Juan Manuel Santos, ansyen minis defans nasyonal e kandida Pati Inite Nasyonal la (donk, pati prezidan Uribe a) ranpòte laviktwa ak yon gwo kokenn avans sou rival li, Antanas Mockus, ansyen majistra kominal vil Bogota e kandida Pati Vèt la. Misye Santos jwenn 69 pousan vwa yo, tandiske kandida Mockus ranpòte apèn 28 pousan sèlman.
Nan diskou prezidan eli a, Juan Manuel Santos, fè pou l aksepte viktwa a, li di pòt la ouvè pou tout sitwayen kolonbyen ki vle travay nan inyon pou yo devlope peyi yo; men kantapou rebèl gwoup FARC yo (Fòs Zame Revolisyonè Kolonbi), tan rekonsilyasyon an finn pase. Misye Santos –ki te kontinye pale ak patizan n yo-- fè yo konnen li dispose kontinye ak politik predesesè l la, prezidan Alvaro Uribe, tap aplike nan kèk domèn de fason pou l kontinye bati sou menm fondasyon ki la depi 8 tan an.
Kandida pèdan an, Antanas Mockus --ki se yon ansyen dwayen univèsite-- fè konnen li te mennen yon kanpay ki ouvri je kolonbyen yo sou anpil pwoblèm ki pat jwenn tout atansyon yo merite jiskela -- pwoblèm tankou menas kap peze sou anviwonnman an ak nesesite pou gen plis jistis sosyal nan peyi a; epi li te preche yon politik non vyolans.