Accessibility links

Breaking News

Kolonbi: Gouvènman an ak Group Rebèl yo Siyen yon Nouvo Akò

Humberto de La Calle, ki an tèt gouvènman ekip negosyasyon lapè Kolonbi a, eksplike chanjman ki fèt nan akò lapè a pandan yon konferans pou laprès ak Komisyonè Lapè Kolonbi a Sergio Jaramillo nan palè pwezidansyèl la nan Bogota, Kolonbi, Madi, 15 novanm 2016.

Nan Kolonbi, gouvènman an ak pi gwo gwoup rebel peyi a anonse yon nouvo akò lapè modifye, lendi 14 novanm 2016 aprè elektè yo te rejte nan yon referandom yon akò 2 pati yo te jwenn anvan.

Gouvenman an ak Fòs Zame Revolusyonè Kolonbi, FARC -- yon gwoup geriya Marxist, fè konnen nan yon deklarasyon an komen yo antre nan nouvo akò a kèk propozisyon divès gwoup ki pat dakò ak premye akò a te fè.

Prezidan Kolonbyen an, Juan Manuel Santos ki te genyen Pri Nobèl Lapè mwa pase a pou efò li te fè pou mete fen nan lagè a espere dènye akò sa a pral finalman ini peyi a.

Gouvènman an ak gwoup FARC la te pibliye yon nòt pou laprès ki fè konnen nouvo akò a pa prevwa prizon pou rebèl ki konfese krim lagè yo. Sepandan, rebèl sa yo pral gen restriksyon sou yo nan kèk domèn nan zòn riral yo pou yon peryòd ant 5 ak 8 lane

XS
SM
MD
LG