Accessibility links

Breaking News
Azi

KOI: Jwèz Tenis Chinwaz Peng Shuai di Responsab Olenpik yo li an Byen


Foto Achiv: Jwez Tenis Chinwaz Peng Shuai reyaji pandan match premye tou li nan tounwa Open Ostralyen an nan vil Melbourne, 21 Jan. 2020.
Foto Achiv: Jwez Tenis Chinwaz Peng Shuai reyaji pandan match premye tou li nan tounwa Open Ostralyen an nan vil Melbourne, 21 Jan. 2020.

Komite Olenpik Entenasyonal la (KOI) fè konnen jwèz tenis Chinwaz Peng Shuai pale avè yo pa videyo pandan 30 minit depi vil Peken (kapital la Chin kominis) e ke li di yo li byen epi an sekirite.

Sanble se premye kontak dirèk Peng genyen ak otorite spòtif yo andeyò la Chin apre li te disparèt anba je piblik la 2 Novanm pase a.

Jwèz la lanse akizasyon kont yon ansyen manm komite pati Kominis Chinwa a ki dirije peyi a, pou di li te egzije li gen relasyon seksyèl avè'l.

Komite Olenpik la di konvèsasyon an fèt ant prezidan Thomas Bach, direktris komisyon atlèt yo Emma Terho epi manm Komite Olenpik Entènasyonal la Li Lingwei, ki se yon ansyen responsab tenis.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG