Accessibility links

Breaking News

Kodèn Distribye Gratis nan Memwa Rapè Young Dolph


Zanmi rape Young Dolph distribye kodenn pou fet Thanksgiving (Aksyon de Gras) devan legliz Batis St. James Missionary nan vil Memphis, eta Tennessee, 19 Nov. 2021.
Zanmi rape Young Dolph distribye kodenn pou fet Thanksgiving (Aksyon de Gras) devan legliz Batis St. James Missionary nan vil Memphis, eta Tennessee, 19 Nov. 2021.

Zanmi rapè Young Dolph, ki mouri pa bal, te distribye kodenn pou fèt Aksyon de Gras la nan yono legliz nan katye kote li te rete a. Young Dolph mouri pa bal gran lajounen andedan patisri prefere li a.

Misye te gen renome pou kontribisyon charitab li te konn fè nan vil natal li. Atis hip-hop la ak pwopriyetè pwop liy rad pa li te ede oganize evenman sa a nan legliz batis St. James Missionary e li tapral patisipe ladann anvan yon moun te tire li, Mekredi 17 Novanm.

Lapolis ap chache sispèk ki reponsab pou asasina a. Yo pibliye foto yo pran sou videyo siveyans ki montre 2 nèg ap soti nan yon Mèsedès blan ki tire Young Dolph epi kouri.

XS
SM
MD
LG