Accessibility links

Breaking News

2 Kore yo/Politik: Of Prezidan Moon pou l Ta Rankontre ak Kim Jong-Un

Delegasyon 2 Kore yo ki t ap rankontre, madi 9 janvye 2018 la, nan zòn demilitarize a ki separe 2 peyi yo. Se premye rankont konsa ki fèt depi 2015.
Delegasyon 2 Kore yo ki t ap rankontre, madi 9 janvye 2018 la, nan zòn demilitarize a ki separe 2 peyi yo. Se premye rankont konsa ki fèt depi 2015.

Prezidan Kore di Sid la, Moon Jae-In, ki t ap pale nan jounen mèkredi 10 janvye 2018 la, deklare li pare pou l rankontre dirèkteman ak tokay nò-koreyen li a, Kim Jung Un; men se si e sèlman si Pyongyang ranpli sèten kondisyon. Misye Moon lanse òf negosyasyon sa a bay lidè Kore di Nò a yon jou aprè diplomat 2 peyi yo te fè premyen rankont yo depi mwa desanm 2015.

Prezidan Kore di Sid la, Moon Jae-In, ki t ap patisipe nan yon konferans ki make arive Nouvèl Ane a nan Palè Prezidansyèl Ble a nan Sewoul. Nan jounen mèkredi 10 janvye 2018 la, li di li pare pou l rankontre ak Kim Jong-un, men se pa san kondisyon.

Prezidan Moon, ki t ap pale ak laprès nan vil Sewoul, fè konnen yon somè bilateral ta dwe gen plis enpòtans pase yon senp rankont ki fèt pou lafòm. Lidè sid-koreyen an ajoute li ta dwe gen garanti yon sèten siksè anvan pou l ta rankontre avèk Prezidan Kim.

XS
SM
MD
LG