Accessibility links

Breaking News

Kiba Kondane Desizyon Etazini Pou Kenbe Peyi a Sou Lis Teworis


Bruno Rodriguez Parilla- Cuba
Bruno Rodriguez Parilla- Cuba

Minis afè etranjè Kiba-a, Bruno Rodriguez, kalifye vandredi 17 Desanm 2021 an kòm "politik raz" e kòm "opòtinis" desizyon Etazini pou l kenbe Kiba kòm peyi ke l ap etidye pou konnen si leta sipòte teworis.

Nan prezantasyon rapò ki fèt chak ane sou kesyon teworis, John Godfrey, ki se kòdonatè lit kont teworis nan Depatman Deta ameriken, deklare jedi 16 Desanm pase, ke "gen etid" ki ap fèt sou deziyasyon sa a.

"Se politik politisyen raz e opòtinis ki dikte pozisyon politik etranje Etazini," se konsa Bruno Rodriguez reyaji sou Twitter.

Mezi sa a popilè bò kote anpil ekzile kiben nan Florid, yon eta ameriken ki nan kè politik enteryè Etazini.

Yon ti tan anvan li te kite prezidans Etazini an Janvye 2021, Donald Trump te remete Kiba sou move lis sa a, apre prezidan Barack Obama te wete Kiba sou lis la an 2015 nan kad politik pou rapwoche Washington ak La Avàn.

Kiben yo te espere ke depi Biden, ki te vis-prezidan sou Obama, te moute prezidan, li t ap wete peyi yo a sou lis la.

Men Msye Biden kenbe anpil nan politik ansyen prezidan repibliken Trump, ki te aplike 243 sanksyon anplis kont Kiba.

114 palmantè demokrat te ekri jedi 16 Desanm pase yon lèt kote yo fè konnen administrasyon Trump la pa te bay okenn enfòmasyon nèf pou jistifye desizyon li a.

XS
SM
MD
LG