Accessibility links

Breaking News

Kiba: Anpil Moun Aplike pou Sitwayènte Espayòl


Nan La Avàn, plizyè santèn sitwayen kiben te kanpe nan yon liy byen long, madi 27 desanm 2011 la, devan anbasad peyi Lespay la pou yo te respekte delè yo te genyen pou yo ranpli aplikasyon pou yo tounen sitwayen espayòl.

Sete dènye jou kiben yo te genyen pou yo te aplike, dapre yon lwa ki rele « lwa pitit-pitit la ». Lwa sa a ofri sitwayènte espayòl pou tout etranje ki se pitit yon moun ki te pran nesans nan peyi Lespay, ou si gran-papa oubyen grann moun sa yo te pran egzil apre lagè sivil espayòl la ki te dire ant 1936 e 1939.

Dapre otorite yo nan Madrid, anviwon 180 mil kiben aplike pou paspò Espayòl la. Kiben ki ta renmen kite peyi yo pou yo ale ann Espay dwe jwenn otorizasyon gouvèn La Avàn nan anvan pou yo kapab fè sa.

XS
SM
MD
LG