Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik : Donald Trump Mele nan Yon Chirepit ak Papa yon Defen Sòlda Ameriken

Khizr Khan ak madanm li Ghazala Khan, se papa ak manman yon kaptenn lame amerikèn ki te mouri nan Irak an 2004. Yo te pale ak Lavwadlamerik nan Washington, D.C., lendi premye out 2016 la. (Foto: Brian Allen/VOA).

Ozetazini, kandida a la prezidans pati republiken an, Donald Trump, kontinye twoke pawòl ki pa sonnen byen avèk Khizr Khan, papa yon sòlda ameriken dorijin mizilman ki te mouri nan yon atak suisid nan Irak lane 2004. Youn nan 2 mesye yo pa sispann voye toya sou lòt la chak jou depi Misye Khan te fin pran lapawòl nan konvansyon demokrat la jedi 28 jiyè pase a kote li te mande, pou jan kandida repibliken an ap kritike mizilman yo, èske li janm li konsitisyon Lèzetazini an.

Khizr Khan nan konvansyon pati demokrat la nan Filadèlfi avèk yon kopi konstitisyon Lèzetazini an nan men li.
Khizr Khan nan konvansyon pati demokrat la nan Filadèlfi avèk yon kopi konstitisyon Lèzetazini an nan men li.

Nan okazyon sa a, Misye Khan te pale de sèvis pitit li a te rann Lezetazini kòm yon reyaksyon kont propozisyon Donald Trump fè pou peyi a redui kantite imigran kap sòti nan peyi mizilman yo pou antre sou teritwa ameriken an. Pandan Misye Khan te sou podyòm nan, li te wete yon kopi konstitisyon amerikènn nan, e li te lanse yon defi bay Trump pou li li dokiman an. Imaj Khizr Khan ak konstitisyon an nan men li te rete pandan 4 jou sou ekran televizyon kap bay nouvèl Ozetazini.

Donald Trump, kandida a la prezidans pati repibliken an, pandan li tap mennen kanpay.
Donald Trump, kandida a la prezidans pati repibliken an, pandan li tap mennen kanpay.

Nan yon entèvyou Misye Khan, ki se moun peyi Pakistan, bay Sèvis Lang Ourdu Lavwadlamerik la, li deklare yon pakèt sitwayen emeriken ki manm pati repibliken an, ap mande Donald Trump adousi pawòl piman bouk lap pwononse yo epi sispann fè remak negatif sou minorite yo --pa sèlman mizilman yo, men tout minorite nèt.

XS
SM
MD
LG