Accessibility links

Breaking News

7 Minis Afè Etranjè -Pami yo John Kerry- Mande “Yon Mond San Zam Nikleyè”


Minis Afè Etranjè Gwop G-7 la devan Memoryal ak Mise Lapè Hiroshima a.
Minis Afè Etranjè Gwop G-7 la devan Memoryal ak Mise Lapè Hiroshima a.

Minis afè etranjè 7 pi gwo peyi demokratik endistriyalize sou latè yo -ki reyini nan peyi Japon—pibliye, nan jounen lendi 11 avril 2016 la, yon deklarasyon nan tèt ansanm kote yo mande pou gen “yon mond san zam nikleyè”. Sa yo rele “Deklarasyon Hiroshima a” site sitiyasyon sekirite a nan peyi Siri ak Ikrèn, mete sou vyolasyon Kore di Nò pa sispann komèt kont entèdiksyon tès ak misil nikleyè, kòm obstak ki anpeche vizyon sa a tounen reyalite.

Misye Kerry tounen premye otorite ameriken wo-plase ki vizite vil Hiroshima kote Lèzetazini te lage premye bonm atomik la nan fen 2èm gè mondyal la sa gen 71 lane. Li te gen avèk li chèf diplomasi peyi Lalmay, Itali, La Grand Bretay, Kanada ak Lafrans. Li kite moun konprann Prezidan Barack Obama pral fè menm vizit la nan mwa me pwochen an lè lidè gwoup G-7 la va rankontre ankò o Japon.

Sekretè Deta John Kerry. "Prezans mwen nan Hiroshima gen yon enpòtans espesyal... pou ranfòsman rapò amerikano-japonè yo ak efò nou dwe fè pou n tabli lapè nan lemond."
Sekretè Deta John Kerry. "Prezans mwen nan Hiroshima gen yon enpòtans espesyal... pou ranfòsman rapò amerikano-japonè yo ak efò nou dwe fè pou n tabli lapè nan lemond."

Anvan Sekretè Deta Kerry te vizite Memoryal ak Mise Lapè Hiroshima a, epi Mozole Bonm Atomik la nan menm vil la, li te pale de enpòtans prezans li nan seremoni an. Misye Kerry di :

“Vizit sa a nan Hiroshima, genyen yon siyifikasyon espesyal. Se pa yon vizit ki konsène le pase, men pito le prezan ak lavni. Li konsènen ranfòsman relasyon ant Lèzetazini ak Japon, mete sou ijans ki genyen pou nou travay pou lapè mondyal.”

Nan jounen dimanch 10 avril la, Misye Kerry ak 6 kòlèg li yo te fè yon rankont kote yo te abòde diferan pwoblèm ki poze nan lemond, san bliye menas rejyon Ekstrèm Oryan an ap konfwonte akoz ogmantasyon prezans Lachin nan Lanmè Sid Chin nan epi pwogram misil nikleyè Kore di Nò a.

XS
SM
MD
LG