Accessibility links

Breaking News

Ayiti: KEP a Fè Yon Rankont ak Dirijan Pati yo Sou Pwochen Eleksyon Yo - Plizyè Lidè Politik Pat Patisipe


Konsèy Elektoral Pwovizwa a rankontre jedi 15 jiyè 2010 la, avèk lidè pati politik yo, nan Caribe Convention Center, nan Pòtoprens pou l te bay, antwòt, detay sou kalandriye elektoral la, presizyon sou dispozisyon KEP a pran pou l garanti patisipasyon yon kantite maksimom pati epi resevwa konsèy tout pati konsène pou eleksyon yo kapab fèt yon fason onèt, lib e demokratik. Korespondan nou, Rotchild Francois Jr. di nou plis.

Yon lòt kote, yon ansyen palmantè --ki se an menm tan yon lidè politik-- fè konnen l ap kontinye apiye demach k ap fèt pou ranplase manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a e fòse Prezidan René Préval bay demisyon l. Korespondan nou Renan Toussaint devlope nouvèl sa a.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj vandredi 16 jiyè 2010 la.

XS
SM
MD
LG