Accessibility links

Breaking News

Prezidan Kenya a Genyen Eleksyon yo Magre Bòykotaj Patizan Opozisyon an


Prezidan Kenya a, Uhuru Kenyatta, agoch, kap bat men li apre konsèy elektoral la te fin anonse se li genyen eleksyon yo, nan Bomas, Nairobi, Kenya, 30 oktòb 2017.
Prezidan Kenya a, Uhuru Kenyatta, agoch, kap bat men li apre konsèy elektoral la te fin anonse se li genyen eleksyon yo, nan Bomas, Nairobi, Kenya, 30 oktòb 2017.

Prezidan peyi Kenya, Uhuru Kenyatta, ranpòte eleksyon prezidansyèl la, oppozisyon an te bòykote. Prezidan an rasanble yon ti kras plis pase 98 pousan vòt yo, dapre sa komisyon elektoral la anonse lendi 30 oktòb 2017la.

Patisipasyon popilè jedi pase a te pi piti pase 39 pousan sou 19 milyon 600 mil elektè ki te enskri pou vote, dapre Wafula Chebukati, chèf Komisyon Endepandan pou Eleksyon ak Limit Sikonskripsyon yo.

Lidè opozisyon an, Raila Odinga, ki te rale soti nan 2èm eleksyon prezidansyèl sa a, te mande sipòtè li yo pou yo bòykote vòt la, e manifestan te bloke biwo vòt pou yo pa ouvè pòt yo nan kèk zòn ki anfavè opozisyon an.

XS
SM
MD
LG