Accessibility links

Breaking News

Pwen Konsènan Ayiti nan Rapò Depatman Deta a sou Dwa Zimen nan Lemond


Rapò Anyèl Depatman Deta sou Dwa Zimen ann Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:33 0:00

Rapò Anyèl Depatman Deta sou Dwa Zimen ann Ayiti

Depatman Deta ameriken pibliye jounen mèkredi 13 mas 2019 la, rapò anyèl li sou sitiyasyon dwamoun atravè le mond pou ane 2018 la. Pou sa ki konsenen Ayiti, rapò a di:

“Pami pwoblèm ki poze nan domèn dwa moun nan genyen: akizasyon ki fèt pasi, pa la pou di lapolis mele nan asasina ilegal, itilizasyon lafòs yon fason egzajere, prizon abitrè, kondisyon prizon yo ki malouk e danjre pafwa pou lavi prizonye yo; yon sistèm jistis ki fasil pou mele nan koripsyon e pou sibi enfliyans lòt pouvwa yo; atak fizik sou jounalis, koripsyon ak enpinite ki gaye nan peyi a, epi trafik imen (ki gen ladan n travay fòse)”

Pou sa ki konsènen pwosede yo nan tribinal ayisyen yo, rapò Depatman Deta sou dwamoun atravè lemond pou ane 2018 la, fè konnen:

“Konstitisyon ayisyèn nan gen dispozisyon ki di yon sitwayen dwe benefisye yon pwosè onèt e piblik. Sepandan, pouvwa jidisyè a pat egzèse dwa sa a. Pouvwa jidisyè a an Ayiti baze sou yon sistèm legal --ki taye sou modèl Kòd Napoleyonyen an, ki, an gwo, pa chanje depi ane 1835. Kontitisyon an wete nan men lapolis ak otorite lajistis yo tout dwa pou yo entèwoje yon sispèk si li pa genyen, prezan sou plas, yon avoka oubyen yon lòt pèsonalite ke sispèk la chwazi pou reprezante l -- amwens ke sispèk la di li pap egzese dwa sa a.

Sepandan, la pli pa di tan, otorite ayisyen yo te meprize dwa kontitisyonèl yon sitwayen genyen pou l benfisye yon pwosè komsadwa e jan lalwa mande sa a.”

Pousa ki konsènen libète laprès, libète medya yo, rapò a di:

“Te gen kèk ensidan izole kote otorite leta santral la ak otorite gouvènman lokal yo te pran aksyon kont jounalis. Kòm rezilta, kèk medya endepandan te kwè yo pat gen dwa kritike aksyon gouvènman an tout libète.

Rapò a bay egzanp repòtè Vladimir Legagneur, yon jounalis endepandan, ki te disparèt nan Grand Ravine, yon zòn ki anba kontwòl gang nan Pòtoprens, pandan li tap fè yon repotaj sou aktivite gang nan rejyon sa a. Sa te pase le 14 mas 2018.”

Pou reyaksyon sou rapò Depatman Deta ameriken an sou sitiyasyon dwamoun ann Ayiti e pi presizeman sou egzèsis libète laprès nan peyi a pandan ane 2018 la, ann koute yon ekstrè nan yon entèvyou Ronald Cesar reyalize avek Wendell Theodore, direktè enfòmasyon nan radyo-tele Metropole, Potoptens, e PDG Radyo-Tele Jakmel-Inter.

Reyaksyon Wendell Theodore sou Rapò Anyèl Depatman Deta sou Dwa Zimen nan Lemond
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:23 0:00

XS
SM
MD
LG