Kapitèn seleksyon nasyonal Espay la, Ivana Andres prezante eskiz li bay pèp Maori Nouvèl Zeland lan pou yon videyo li pibliye sou rezo sosyal la ki mantre 4 manm ekip li ap pase nan ten ten tradisyonèl haka a.
Foutbolez la pibliye videyo a yon ti tan apre ekip la te rive nan Nouvèl Zeland. Men li efase li lè ekspè sou kilti ak pwotokol Maori te kondane l kom derespektan.
Andres li yon deklarasyon kote li mande granmoun aje Maori yo ak manm gwoup popilè Rangitane o Manawatu a padon, nan yon seremoni akèy ki te dewoule nan vil Palmerston North kote ekip Espay la gen baz li.