Accessibility links

Breaking News

Kanaval Nan Rio


Yon dansè k ap pèfome pandan parad Vai Vai lekòl samba a nan Sao Paulo, Brazil, 5 mas 2011
Yon dansè k ap pèfome pandan parad Vai Vai lekòl samba a nan Sao Paulo, Brazil, 5 mas 2011

Nan Rio de Janeiro, o Brezil, defile kanaval yo komanse dimanch 6 mas 2011 la avèk fe dartifis ak anpil kè kontan.

Fanatik kanaval yo te deja kòmanse fè fèt nan lari yo pandan plizyè jou. Defile yo fét devan yon kantite espektatè, cha dekore ak ekstravagans ; anpil vedèt , dansè ki soti nan divès lekòl Samba ap patisipe nan konpetisyon kanavalèsk yo kote moun yo ap resevwa pri pou dans, abiman ak degizman.

Mwa pase a, yon gwo dife te pete nan yon depo nan Rio, kote li te detwi plizyè milye rad-degizman ak cha ki te pran preske yon lane pou moun prepare.

Gen kanaval tou nan peyi Dayiti, Kolonbi, Eta Luizyann, Ozetazini, Nice (Frans), Veniz (Itali), Trinidad, e latriye.

XS
SM
MD
LG