Accessibility links

Breaking News

Kandida Repibliken Mitt Romney Ranpòte Eleksyon Primè Eta Iowa a


Mitt Romney ak madanm li Ann e pitit gason yo Matt, Josh, Craig ak Tagg nan Des Moines, Iowa (AP Photo/Charlie Neibergall)
Mitt Romney ak madanm li Ann e pitit gason yo Matt, Josh, Craig ak Tagg nan Des Moines, Iowa (AP Photo/Charlie Neibergall)

Ansyen gouvènè Eta Massachussets la, Mitt Romney, ranpòte laviktwa nan eleksyon primè Eta Iowa a, o Zetazini, avèk yon avans tou mens –swa 8 vwa sèlman-- sou kandida sosyal-konsèvatè e ansyen Senatè Eta Pennsilvani Rick Santorum. Se premye eleksyon primè ki dewoule nan kad kanpay prezidansyèl ane 2012 la. Nan yon diskou misye Romney fè devan yon gwoup patizan ki te rasanble pou tande li madi swa, li bay detay sou platfòm politik li a.

Misye Romney deklare: “Mwen pral travay pou nou koupe sou depans gouvènman federal la, mete yon limit sou kantite lajan nou ka depanse epi ekilibre bidjè a. Mwen panse li imoral pou n kontinye depanse ane aprè ane kòb ki la pou prepare avni timoun nou yo, plizyè trilyon dola, pou n kite dèt pou jenerasyon k ap vini yo, alòske nou byen konnen nou pa p ka remèt lajan sa a. Se pa jis e, si m prezidan, sa gen pou fini."

Pwochen eleksyon primè a gen pou dewoule nan dat 10 janvye k ap vini la a nan eta New Hampshire kote Misye Romney devan nan sondaj dopinyon yo.

XS
SM
MD
LG