Apati Mèkredi swa, lekòl samba Rio de Janeiro yo, cha elabore ak dansè pral pran lari.
Gen plis pase 500 fèt ki pral dewoule nan lari vil la kote d'abitid yo konn fè anpil foli. Sepandan Meri vil la refize ba yo otorizasyon, paske li di li pat gen ase tan pou prepare.
Dezako sa a soulve yon gwo deba sou kestyon pou konnen si Meri a ap toufe veritab espri Kanaval la ak si "denizen" yo ta dwe pran lari vil la malgre yo pa gen otoritzasyon.
Gen kèk oganizatè ki pa okipe sa otorite yo di ditou-ditou; yo fè konnen yo pral met deyò kanmenm epi oganize fèt melanje ak manifestasyon. Yo ensiste pou di afè selebre Kanaval la pa depann de konsantman otorite yo.