Accessibility links

Breaking News

Apre 1 Ane Sou Pouvwa a, Kamala Harris ap Fè Fas ak Anpil Kritik


APTOPIX Harris
APTOPIX Harris

Ekspè yo di: Piblik la te mete filè a byen wo pou Vis Prezidan Kamala Harris, pou travay la ka vrèman difisil pou li nan premye ane administrasyon Biden Harris la.

Vis prezidan Etazini Kamala Harris boukle premye ane li ki soulve pawòl-anpil depi li nan pozisyon sa a – li fè listwa kom premye fi koulè ki okipe pozisyon sa a aloske l ap defann tèt li kont kritik ak konplent sou objektif li ak pwogram li .

Harris gen yon pwogram vas ki chaje ak misyon difisil, kote l-ap fè fas ak kesyon sou relasyon ni avek prezidan an e lap fè fas ak sa alye yo wè kom premye fwa piblik la kontwole yon vis prezidan du konsa.

Ekspè yo di moun t-ap atann twòp bagay ki pa nan reyalite-a pou yon moun ki pase nan eleksyon e ki sèlman gen yon wòl sipò pou prezidan Etazini an.

"Menm jan nou vle selebre e mete an vedet Kamala Harris akoz li fè listwa ak gwo wol li jwe a----Fò nou pa bliye ke li te eli pou sa ki pa plis ke yon wol supò e sa pa vle di ke li pap fè travay li," dapre Kelly Dittmar, direktè rechech nan Sant pou fi ameriken ak politik nan Universite Rutgers.

Pandansetan, Premye dezyèm gason Etazuni an, Doug Emhoff te vizite 31 eta pou fè promosyon pou politik administrasyon Biden nan ak vaksen kont koronvirus la e anpil fwa li parèt nan aktivite yo bò kote madanm ni.

Todd Belt direktè pwogram jesyon politik nan lekol Nivo Metriz Universite Georges Washington di Emhoff se youn nan mari oubyen madanm ki pi solidè pou yon vis prezidan nan ane ki pase yo.

Lendi ki sòt pase a, Harris avek Emhoff te onore travay ak memwa Reveran Martin Luther King Junior nan bay yon jou sèvis kom volontè nan bank manje “Martha’s table”nan Washington DC -- yon oganizasyon sèvis komunotè, kote yo t-ap mete fwi ak pwovizyon alimantè nan sachè.

XS
SM
MD
LG