Accessibility links

Breaking News

Premye Ane Biden sou Pouvwa a Pote Viktwa ak Defi


Premye Ane Prezidan Biden sou Pouvwa a Pat Fasil
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:27 0:00

Premye Ane Prezidan Biden sou Pouvwa a Pat Fasil

Sa fè yon ane depi Joe Biden tanmen Prezidans li pandan yon peryod kriz nasyonal. Mesaj li pou pèp Ameriken an te gen kom tèm: inite ak espwa.

Biden te eli prezidan gras ak pwomès li te fè pou'l jere divizyon politik nan peyi a, goumen pou netralize pandemi a epi remete ekonomi a sou bon ray la.

Kounyea, nan moman lap pwoche premye anivèsè li sou pouvwa a, espwa pou pwomès sa yo reyalize diminye.

"Gen anpil moun kap pale pou di mwen pa fè sa'm te pwomèt. Nou pral travay pou reyalize anpil nan yo," prezidan an deklare.

Biden ap tanmen 2èm ane li sou pouvwa a ak yon to enflasyon ki pi wo pase nivo li janm rive depi 40 an. Enfeksyon omicron yo monte 17 wotè. Bidjè depans nasyonal li a bloke nan Kongrè a.

Tantativ pou apwouve pwojè lwa dwa vot la sanble li pral echwe; se dezyèm gwo desepsyon Biden pran, gras ak manm pwop pati Demokrat li a. David Barker se Direkte Sant Etid Kongresyonel ak Prezidansyel nan American University.

"Mwen kwè Biden sou-estime difikilte li tap genyen pou inifye tout faksyon pati Demokrat la,"li deklare.

Barker kwè santiman sa a aplike tou pou jefo lap fe pou inifye yon nasyon kote ki gen anpil divizyon.

"Opinyon sa a baze sou yon konpreyasyon nayiv politik nan Washington ki te vre sa gen 20 an. Li pran anpil tan pou'l adapte li oubyen rekonet konpletman epi apresye enomite polarizasyon peyi a," Barker di.

Pa rapo ak COVID-19, Lamezonblanch kapab vante'l pou yon seri bagay li akonpli premye ane . Pami yo yon kokenn chenn pwoje lwa soulajman COVID ki vo $1.9 Trilyon dola. Epi yon pwoje enfrastriki.

Gen 500 milyon doz vaksen COVID ki distribye, li nomen plis jij nan tribinal federal yo pas okenn prezidan eskepte pou Ronald Reagan. Li retabli relasyon ak alye Etazini yo tou.

Men te gen kriz tou.

Retre kawotik nan Afghanistan, gwo vag migran ki anvayi frontye sid la epi yon nouvo vag COVID-19.

Nan fen sezon ete a, popilarite Biden te bese anpil. Analis Barker di an pati se akoz pandemi a ki difisil pou jere.

Biden espere re-derape a nouvo epi deklare kek nouvo viktwa anvan eleksyon mi-manda yo, nan 9 mwa.

Men lap fe fas ak defi ki ale pi lwen pase pandemi a. Pami yo ke sote pa rapo ak La Risi epi la Chinn. Ozetazini gen anpil defi politik pou li.

Pati prezidan an preske toujou pedi syej nan palman an nan eleksyon mi-manda yo. E ak yon majorite tou mens nan ni La Chanm, ni Sena a, defi Biden va gen pou'l leve 2em ane li ka pi red toujou.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG